Sunday, August 27, 2017

Haitian Creole

Haitian Creole - Wikipedia

Haitian Creole (; Haitian Creole: kreyòl ayisyen,[7][8] Haitian Creole pronunciation: [kɣejɔl]; French: créole haïtien) is a French-based creole language spoken by 9.6–12 million people worldwide, and the only language of most Haitians.[9][10] It is a creole language based largely on 18th century French with influences from Portuguese, Spanish, English, Taíno, and West African languages.[11] Haitian Creole emerged from contact between French settlers and African slaves during the Atlantic slave trade in the French colony of Saint-Domingue (now Haiti). Haitians are the largest creole-speaking community in the world.[12] Haitian Creole should not be confused with Haitian French.
The usage and education in Haitian Creole—which is not mutually intelligible with French—has been contentious since at least the 19th century: where Haitians saw French as a sign of colonialism, Creole was maligned by francophone elites as a miseducated or poor person’s French.[13][14] Until the late 20th century, Haitian presidents spoke only French to their fellow citizens, and until the 2000s, all instruction at Haitian elementary schools was in French, a foreign language to most of the students.[9]

Wednesday, July 28, 2010

Alfabè Kreyòl ak Prensip pou ekril kreyo ayisyen an

Alfabè

Men Alfabè kreyòl la:
a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z.


Konsòn

18 Konsòn
b : bal, debat, kapab
ch : chat, rache, rach
d : daso, kada, gad
f : fal, rafal, saf
g : garaj, bagay, bag
h : ha, branhang, enhen
j : jalou, kajou, raj
k : kad, makawon, avèk
l : lavi, pale, fasil
m : malad, enfimite, dam
n : nas, zepina, bekasin
ng : ling, touhing, zing
p : poto, rapadou, pap
r : rat, marasa
s : sik, dousi, sous
t : taso, titato, tèt
v : vakabon, lave, rèv
z : zafè, raze, raz

Vwayel

7 Vwayel bouch

a : ase, latè, leta
e : elèv, redi, rale
e : ès-ès, kèk, ankè
i : istwa, pit, anasi
o : ochan, foli, mato
ò : òfèv, gòl, gadò
ou : ouvriye, goud, kalfou

4 Vwayel bouch-nen
an : anlè, zandolit, devan
en : enbesil, pentad, lapen
on : onz, ponpe, pantalon
oun : ounsi, mazounbèl, youn

Vwayel-konsòn : W
wa : watè, lakwa
wan : wanga, lakwann
wete : wete, dwe
wen : kwen, pwen
wi : kwi, piwili
wo : wotè, gwo
wò : wòl, bwòs
won : wont, fwonte
wou : woule, kwout

Atansyon
Wo, Wò, Won, Wou kapab ekri konsa tou : Ro, Rò, Ron, rou.
Egzanp : rotè, gro, ròl, bròs, ront, fronte, roule, krout

Y
ya : faya, pyas
yan : yanvalou, pyan
ye : peye, katye
ye : ayè, soupyè
yen : anyen, kretyen
yo : koyo, konfyolo
yò : miyò, dyòl, biyòt
yon : pyon, bouyon
you : you, pyout, pay, kay, bòy, fèy, chany
UI
Egzanp: luil, nuit, uit zuit


Ti tirè

Nou kapab sèvi ak ti tirè, si nou vle, pou makònen yon mo ak kèk fòm gramè ki vini apre li, tankou :
-fòm atik defini yo : "fi-a, nèg-la, mouche-a, fanm-nan..."
-fòm adjektif posesif yo : "papa-li, pitit-mwen"
-pwonon konpleman retresi yo : "nèg-la di-m li te wè-m yè..."

Apostwòf

Nou kapab sèvi ak apostwòf pou pwonon sijè yo:
"M' vini rele ou epi ou pa vini..."

"Jèda pa la, l' al lekòl..."
m', n', l', se mo tankou lòt mo. Fò nou kite yon ti espas anvan nou kòmanse ekri mo ki vini apre a

Aksan

Nou sèvi ak aksan pou fè :
e tounen è (e aksan grav)
o tounen ò
a devan 'n' tounen àn
Egzanp: van, vàn / pan, pàn

Ka espesyal

Lè oun pati son vwayèl 'ou' pase nan nen san pa gen yon konsòn-nen tou pre li, nou mete 'n'. Nou jwen ka sa yo sitou nan mo kreyòl ki soti nan lang afriken.
Egzanp: ounsi, ounfò, oungan.

Prinsip 1

1. Chak lèt ret nan wòl yo
Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:

a nan: katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè, pàn, lagè, travay.
an nan: san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou
b nan: aba
ch nan: chak, cho
d nan: drapo
e nan: me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl, montre, lasante, manje, lekòl, ret
è nan: nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè
en nan: katreven, fen, prensip, lenjistis
f nan: nèf, fèt, fen, pwofesè
g nan: lagè, grangou
i nan: dizui, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti, prensip
j nan: lenjistis, manje
k nan: katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl
l nan: mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè, lagè, lasante, lapè, lekòl
m nan: me, mil, moun, montre, lamizè
n nan: nèf, inivèsite, moun, aprann
o nan: drapo, yo on nan: onz, montre ou nan: tout, moun, kouran, pou p nan: drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè
r nan: katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret, kouran, travay s nan: inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante
t nan: katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret, travay
ui nan: dizui
v nan: katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay
w nan: pwofesè, twa, wòl
y nan: kreyòl, yon, yo, travay
z nan: dizui,

Prinsip 2/3

2. Tout son toujou ekri menm jan
3. Nanpwen lèt ki bèbè, ki pa pale, ki pa remèt son pou yo remèt la Nou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv